Carlo Vieux tounen sou sèn: Tout detay sou "Retounen Tour" a ki pral kòmanse Montréal!

Posted on 04/27/2026
Nan konvèsasyon sensè sa a ak Carel Pedre, Carlo Vieux louvri kè l sou retou li nan endistri mizik la apre yon poz ki te dire plizyè ane. Li pale an detay sou nouvo album li "Retounen" ak gwo toune mondyal li pral lanse a. Dekouvri poukisa li te chwazi vil Montréal pou premye espektak li, ki jan li prepare vizyèl ak emosyon pou tournee sa a, ak kisa fanatik yo ka atann nan men "nouveau" Carlo Vieux a kòm atis solo.

Carlo tou pwofite mete pwen sou i yo konsènan relasyon li ak Richard Cavé ak Michael Guirand, pandan l ap esplike kijan vizyon li pou lavni mizik ayisyen an ap evolye. Pa manke detay sou ekip k ap akonpanye l sou sèn ak sipriz k ap prepare pou vil tankou New York, Boston, ak Miami.

Chapit Videyo
00:00 - Entwodiksyon ak siyifikasyon album "Retounen"
01:30 - Preparasyon pou toune mondyal la apre 9 an
03:15 - Carlo pale sou kòmansman li nan mizik ak evolisyon li
05:10 - Ki jan li fè chwa playlist pou konsè yo (Mizik Carimi vs Album Solo)
07:45 - Relasyon ak Michael Guirand ak enpòtans li nan pwojè a
09:15 - Vizyèl, emosyon ak bidjè: Kisa k ap prepare pou tournee a
11:50 - Prezantasyon band la: Disiplin ak nouvo enèji
14:05 - Poukisa Montréal? Estrateji ki dèyè premye dat tournee a
17:15 - Detay sou kolaborasyon nan album lan (José, Shaba, Marvin)
22:45 - "3ème Mouvement": Diferans ant Carlo, Richard ak Michael
27:25 - Pozisyon Carlo sou branding ak endepandans li kòm atis
32:10 - Rankont ak Power Surge: Kijan ekip pwodiksyon an te fòme
38:15 - Diferans ant mache Montréal ak Etazini pou konsè
40:10 - Koneksyon espirityèl ak piblik la pandan pèfòmans yo
42:30 - Future featuring ak vizyon pou mizik ayisyen an
46:00 - Mesaj final pou fanatik yo ak siksè album "Retounen" a