Kijan Enfimye (Nurse) ki Etidye Aletranje Ka Reyisi Ozetazini? Orchidée LLC gen repons la

Posted on 12/09/2025
Nan epizòd sa a Carel Pedre resevwa Graciela Cadet, enfimyè pwofesyonèl ak co-fondatris Orchidée LLC, yon ajans ki ede enfimyè ki te etidye aletranje (espesyalman Ayisyen) entegre sistèm sante ameriken an san yo pa oblije rekòmanse a zewo.

Graciela pataje pwòp eksperyans li kòm enfimyè ki te etidye Ayiti, ki te travay nan ICU, nan jesyon lopital, epi ki aktif nan U.S. Air Force Reserve. Li eksplike kijan Orchidée LLC ofri coaching, mentoring, ak preparasyon pou egzamen NCLEX, tout pandan yo pran an kont baryè lang, estrès, ak reyalite imigran yo ap viv.

🎯 Nan videyo sa a, w ap dekouvri:
• Kijan enfimyè etranje ka antre nan sistèm sante Ozetazini
• Wòl coaching & mentoring nan siksè NCLEX
• Poukisa li pa obligatwa pou w pale angle alèz pou pase egzamen an
• Ki sa ki fè Orchidée diferan de lòt platfòm yo
• Estatistik siksè Orchidée (plis pase 700 kandida prepare, prèske 1,000 kliyan)
• Poukisa nursing se yon karyè solid, fleksib, ak plen opòtinite pou imigran

📲 Pou kontakte Orchidée LLC :
📞 800-517-6278
📞 862-236-7705
🌐 www.orchideellc.org

📍 Sèvis yo 100% sou entènèt epi ouvè pou Ayisyen, Jamayiken, Nijeryen, Venezuelien, ak tout enfimyè ki te etidye aletranje.

👉 Si w se enfimyè oswa w ap panse antre nan domèn sante Ozetazini, videyo sa a ka chanje direksyon lavi w.

🔔 Abòne, like, epi pataje pou ede plis moun jwenn bon enfòmasyon.