Metistwa ap prezante Yon Jwèt Videyo sou Reyalite Ayiti: Poukisa nou dwe sipòte "Anba Lavil"? 🇭🇹

Posted on 04/10/2026
Nan entèvyou sa a, Carel resevwa kreyatè jwèt "Anba Lavil" la. N ap pale de defi ki genyen lè w ap devlope yon jwèt videyo 3D pou kont ou, kijan teknoloji ka chanje fason nou rakonte istwa nou, ak vizyon dèyè pwojè anbisye sa a. Èske Ayiti prèt pou yon endistri gaming? Gade pou w konnen!

00:00 - Entwodiksyon ak prezantasyon pwojè "Anba Lavil"
01:45 - Kiyès ki Metistwa? Pasyon li pou sinema ak teknoloji
04:30 - Poukisa kreye yon jwèt videyo sou reyalite Ayiti?
06:30 - Pwosesis devlopman ak defi teknik nan kreyasyon jwèt la
09:00 - Rankont ak Wolf Game ak kolaborasyon nan ekip la
11:00 - Aksesibilite jwèt la: PC ak vèsyon mobil k ap vini
12:30 - Bidjè, tan ak sakrifis ki dèyè pwojè a
14:30 - Jwèt videyo kòm yon fason pou rakonte istwa nou
16:15 - Itilizasyon entèlijans atifisyèl (AI) nan kreyasyon an
18:00 - Vizyon Metistwa pou endistri jwèt videyo an Ayiti
21:00 - Ki kote jwèt la ap disponib epi kijan pou sipòte l?
23:30 - Detay sou istwa jwèt la ak nivo difikilte yo
27:00 - Koneksyon ant jwèt videyo ak sinema (Kidnapping Inc.)
30:45 - Konsèy Metistwa pou lòt kreyatè nan ekonomi dijital la
34:00 - Mizik ak son nan "Anba Lavil"
37:00 - Evolisyon kontni Metistwa sou TikTok ak YouTube 39:30 - Konklizyon ak mesaj final pou sipòte kreyativite ayisyen