Nan bèl konvèsasyon sa a nan Carel In The Morning, Carel Pedre resevwa Laurence Manuel Steed (Lori) pou pale sou liv li a ki rele "Modeste Testas: The Journey from Africa to Haiti".Dekouvri istwa enkwayab Modeste Testas, yon fanm vanyan yo te kidnape an Afrik, ki te pase nan vil Bordeaux an Frans kòm esklav, pou l te vin fini lavi l lib nan vil Jeremi an Ayiti. Modeste se pa sèlman yon senbòl rezistans, men li se granmè ansyen Prezidan ayisyen François Denys Légitime tou.
Lori, ki se desandan Modeste nan 7yèm jenerasyon, pataje avèk nou vwayaj pèsonèl li nan fè rechèch nan gwo achiv (Inivèsite Florid, Philadelphia) pou l te ka onore memwa zansèt li a epi kite yon tras pou listwa. Nou pale tou sou bèl estati Modeste ki nan vil Bordeaux an Frans, yon travay sculpteur ayisyen Filipo te reyalize, epi sou enpòtans pou chak ayisyen konnen kote yo soti pou yo ka konnen kote yo prale.
Liv la disponib sou Amazon nan vèsyon fransè ak anglè.

