De Tout Et De Rien - 12 Mas 2025 | Envite: Rutshelle Guillaume
Nan epizòd sa a, nou resevwa Rutshelle Guillaume pou yon konvèsasyon sou lavi li kòm fanm, manman, atis, antreprenè, ak modèl pou jenerasyon li. Li pale ak tout verite, ak tout emosyon, sou siksè li yo, blesi li yo, ak chimen li pou kontwole naratif sou tèt li. Se pa ti bèl moman!
🎙️ Pami sa w ap tande:
Sakrifis li fè kòm manman pou pitit li
Diferans pami albòm li yo, ak vizyon li pou pwochen
Travay li ak lòt atis tankou Richard Cavé
Repons li sou konparezon ak lòt atis fanm
Fason li jere rumeur, relasyon ak rezo sosyal
Deba sou finans, depans, ak valè pwojè yo
Opinyon sou fanm ki vle tout, men ki pa vle pran tout responsabilite
Refleksyon sou diaspora, Haïti, ak kolaborasyon entènasyonal