Nou pale de tout bagay avan nou rive sou gwo envite yo: ekip fanm djanm ki dèyè SUMFEST Mizik Festival la. Nou fè yon ti pale sou onè Carel resevwa nan men NYC Council la, weekend drapo a nan Miami, ak jan Festival Kompa a pase. Nou touche albòm Charlin Bato a Toro Rodeo, nouvo videyo “Picasso” Wendyyy, kolabo Fatima & Phyllisia Ross sou “Self Love”, epi sa k ap fèt ak Mechans-T, RAM, ak BAYO nan Barclays.N’ap mete ou ajou tou sou gwo show Medjy a nan Miami 11 Oktòb, ak dènye nouvèl sou Jijman Diddy.Apre sa? Nou bay mikwo a ekip SUMFEST la. Yo pataje eksperyans yo, defi yo rankontre pou fè festival la sòti Ayiti pou rive Miami, e jan yo mete fanm an avan nan tout aspè: lojistik, maketing, sosyal medya, ak sponsorship. Gen bèl anekdot, rèl verite sou travay dèyè sèn.
De Tout Et De Rien - 21 Mai 2025 | Envite: SUMFEST