Pwoblèm mak komèsyal ZAFÈM lan: Yon ti pale ak avoka Vanessa Abdel Razak
Posted on 11/05/2025
Dosye ZAFÈM lan fè gwo bri sou rezo sosyal, men èske w konnen ki sa ki reyèlman nan kè pwoblèm nan? Nan videyo sa a, Me Vanessa Abdel Razak, yon avoka ki espesyalize nan pwopriyete entelektyèl, dekode tout aspè legal ki dèyè konfli sa a ant mizisyen yo ak dwa sou non “ZAFÈM”.
Li esplike an detay:
• Ki sa ki pwopriyete entelektyèl ak poukisa li enpòtan pou atis ak biznis yo.
• Diferans ant LLC ak Trademark, ak poukisa sa konn bay konfizyon.
• Poukisa lwa Ayiti toujou rete dèyè (lwa 1954 la toujou an vigè!).
• Pwoblèm teritoryal nan pwoteksyon mak la (Ayiti ≠ USA ≠ Madrid).
• Kijan opozisyon ak pwosè tankou ZAFÈM lan rive nan tribinal.
• Konsèy pratik pou tout kreyatè anvan yo lanse non oswa pwojè.