11 ANE, 11 MIZIK, 1 CHEF D’ŒUVRE – Pierre Jean pale sou premye albòm li
Posted on 11/06/2025
Nan epizòd sa a, Carel Pedre resevwa Pierre Jean Milien, youn nan mizisyen ayisyen ki gen plis siksè sou Spotify ak platfòm entènasyonal yo. Apre 11 ane karyè l, Pierre Jean prezante premye album solo li ki rele “Chefd’œuvre 1”, yon pwojè ki pran plis pase 2 zan pou l prepare, avèk 11 mizik ki make 11 an karyè ak 11 lèt nan tit la — yon senbòl pwofondè ak pèfeksyon.

