Davidson Chery: Ant famasi ak graphic design, sekrè dèyè siksè yon jèn ki vle sove lavi an ayiti

Posted on 05/12/2026
Nan bout entèvyou sa a nan "Carel In The Morning", Carel Pedre resevwa Davidson Chery, yon jèn kreyatè ki gen yon pakou ekstraòdinè. Li se alafwa yon famasyen ak yon grafis designer, e anpil moun konnen l sou non Ph JanJan sou rezo sosyal yo.

Davidson pataje ak nou misyon li pou l sèvi ak teknoloji ak konsepsyon grafik pou l edike popilasyon ayisyen an sou fason pou yo konsome medikaman byen. Nou pale sou gwo defi sante piblik ann Ayiti, tankou medikaman kontrefè (fo medikaman), enpòtans pou n swiv konsèy pwofesyonèl, ak kijan n ka fè balans ant medsin tradisyonèl ak lasyans.

Nan videyo sa a n ap dekouvri:

- Kijan Davidson rive marye de (2) metye ki parèt diferan: Famasi ak Design.
- Poukisa li enpòtan pou n sispann achte medikaman nan lari.
- Kòman pou w rekonèt yon famasi ki gen lisans ak medikaman ki bon.
- Verite sou fason nou itilize plant medizinal yo.
- Pwojè "Semèn Famasi" k ap vini an septanm nan.

Pa bliye pataje videyo sa a ak yon zanmi oswa yon fanmi, paske yon moun ki pi byen enfòme se yon moun ki ka sove pwòp lavi l!

Chapit Videyo (Timestamps)
00:00 - Entwodiksyon ak prezantasyon Davidson Chery (Pè Jean-Jean)
02:56 - Ki moun Davidson Chery ye toutbon?
03:32 - Pakou li ant Graphic Design ak Famasi
06:42 - Peyi a ak move relasyon nou genyen ak medikaman
07:28 - Orijin non "Ph JanJan" ak poukisa l kreye kontni
09:50 - Premye videyo Davidson ak vizyon platfòm nan
14:38 - Onè Ministè Sante Piblik (MSPP) te fè Davidson
16:38 - Pwoblèm medikaman kontrefè ak sekirite sante ann Ayiti
18:38 - Konsèy pou idantifye famasi otorize ak bon medikaman
24:10 - Medsin tradisyonèl: Kijan pou n itilize plant yo san danje?
26:30 - Danje nan melanje medikaman ak alkòl oswa plant
28:42 - Defi pou konbat move enfòmasyon sou sante sou rezo sosyal yo
30:10 - Eksperyans pèsonèl Davidson ak manman l (Yon leson sou lasyans)
35:10 - Enpòtans kondisyon kote yo sere medikaman yo (Stockage)
38:55 - Kolaborasyon ak laboratwa pharmaceutique ann Ayiti
41:51 - Vizyon Davidson pou lavni ak "Semèn Famasi" an septanm
44:20 - Kote pou n swiv Davidson Chery (Pè Jean-Jean)
45:20 - Konklizyon ak remèsiman final