De Tout Et De Rien - 12 Mas 2025 | Envite: Rutshelle Guillaume

Posted on 03/13/2025
Nan epizòd sa a, nou resevwa Rutshelle Guillaume pou yon konvèsasyon sou lavi li kòm fanm, manman, atis, antreprenè, ak modèl pou jenerasyon li. Li pale ak tout verite, ak tout emosyon, sou siksè li yo, blesi li yo, ak chimen li pou kontwole naratif sou tèt li. Se pa ti bèl moman!

🎙️ Pami sa w ap tande:
• Sakrifis li fè kòm manman pou pitit li
• Diferans pami albòm li yo, ak vizyon li pou pwochen
• Travay li ak lòt atis tankou Richard Cavé
• Repons li sou konparezon ak lòt atis fanm
• Fason li jere rumeur, relasyon ak rezo sosyal
• Deba sou finans, depans, ak valè pwojè yo
• Opinyon sou fanm ki vle tout, men ki pa vle pran tout responsabilite
• Refleksyon sou diaspora, Haïti, ak kolaborasyon entènasyonal