Alexandre Ade, Project Manager Haitian Compas Festival la, ap bay tout detay sou 27yèm edisyon an
Posted on 04/22/2025
Nan entèvyou sa a, Alexandre Ade mete limyè sou 27yèm edisyon Haitian Compas Festival la. Li rakonte eksperyans li depi li te kòmanse kòm volontè, rive jodi a kòm Project Manager prensipal. Li dekri tout sa ki ap vini pou edisyon ane sa a: lineup atis yo, plan sekirite, inovasyon nan planifikasyon, ak objektif pou mete nouvo jenerasyon an devan. Yon ti rale anndan tout sa k ap fèt pou bay piblik la pi bon eksperyans posib pandan Fèt Drapo a nan Miami.