Metistwa ap prezante Yon Jwèt Videyo sou Reyalite Ayiti: Poukisa nou dwe sipòte "Anba Lavil"? 🇭🇹

Posted on 04/10/2026
Nan entèvyou sa a, Carel resevwa kreyatè jwèt "Anba Lavil" la. N ap pale de defi ki genyen lè w ap devlope yon jwèt videyo 3D pou kont ou, kijan teknoloji ka chanje fason nou rakonte istwa nou, ak vizyon dèyè pwojè anbisye sa a. Èske Ayiti prèt pou yon endistri gaming? Gade pou w konnen!