Nedgine Paul Deroly: Misyon "Anseye Pou Ayiti" pou Transfòme Ayiti nan Mitan Kriz

Posted on 11/15/2025
Pou selebre 10yèm anivèsè "Anseye Pou Ayiti", Carel resevwa Nedgine Paul Deroly, Ko-fondatris ak PDG òganizasyon an.

Nan epizòd sa a, Nedgine pataje vizyon ak estrateji òganizasyon an pou "re-ayisyanize" sistèm edikatif la, lè li fòme yon rezo "sitwayen lidè". Li eksplike kijan yo kòmanse ak pwofesè, epi yo reyalize fòk yo entegre "paran lidè" ak "direktè lidè" pou yon enpak total. Jodi a, rezo yo a gen prèske 800 lidè epi yo patnè ak 133 lekòl.

Nedgine pale ouvètman sou gwo defi yo rankontre, sitou ensekirite a ki frape yo dirèkteman, kote prèske 200 manm rezo yo oblije deplase epi ant 30 a 40 lekòl patnè oblije fèmen. Li abòde tou reyalite difisil pou jwenn finansman lè Ayiti pa sou pwojektè entènasyonal yo ankò.

Dekouvri nouvo pwogram "coaching" pedagojik sou 4 an y ap lanse ak fason "Anseye Pou Ayiti" ap prepare lidè pou peyi a bezwen demen an, menm nan mitan moman difisil sa yo.