Konbyen tan ou ka rete nan detansyon imigrasyon avan yo depòte w?

Posted on 03/31/2026
Kesyon sa a pa gen yon repons dirèk.
Paske pa gen yon sèl delè ki aplike pou tout moun.

Nan videyo sa a, mwen eksplike kijan sistèm detansyon imigrasyon an vrèman mache, ant sa lalwa di ak sa ki rive nan pratik.

Ou pral konprann:

🔹 Sa k pase nan premye 48 èdtan apre arestasyon
🔹 Diferans ant ICE hold ak arestasyon dirèk pa ICE
🔹 Wòl Notice to Appear (NTA) nan pwosesis depòtasyon an
🔹 Poukisa pa gen limit klè sou dire detansyon an
🔹 Kijan kosyon (bond hearing) mache
🔹 Ki moun ki pa elijib pou kosyon (mandatory detention)
🔹 Sa k pase apre yon lòd depòtasyon (90 jou removal period)
🔹 Limit 6 mwa Lakou Siprèm mete (Zadvydas v. Davis)
🔹 Faktè ki enfliyanse konbyen tan yon moun ka rete an detansyon
🔹 Diferan opsyon pou soti pandan pwosesis la

🎯 Objektif videyo sa a se ede w konprann sistèm nan pi byen pou w ka pran bon desizyon oswa ede yon moun ki nan sitiyasyon sa.

👉 Si videyo sa itil pou ou, pataje li ak lòt moun.